Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 17:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, Moïse te di a Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk baton a Bondye a nan men m.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Moyiz di Jozye konsa: — Chwazi kèk vanyan gason. Denmen maten, soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, bò pa mwen, m'a moute ak baton Bondye a nan men mwen. Mwen v'al kanpe sou tèt mòn nan.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 17:9
18 Referans Kwoze  

Nun, fis li a; Josué, fis li a.


Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe.


“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.


Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a.


Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.


Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”


SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”


Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.


Epi Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”


Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué.


pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan


Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li.


“Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.


Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Josué, fis a Nun nan.


Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.


Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.” Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la.


Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite