Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 17:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l t'ap fè l mal. Arawon ak Our pran yon wòch, yo mete l deye Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 17:12
15 Referans Kwoze  

Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre sila k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!


Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen.


Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe.


Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”


Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la.


nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.


Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.


Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.


Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.


Frè m yo priye pou nou.


Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,


Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.


Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite