Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Senyè a di Moyiz konsa: — Mwen pral fè pen tonbe sòti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va sòti chak jou pou l ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 16:4
17 Referans Kwoze  

Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo.


Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.


Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.


Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.


Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.


Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv.


Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye. Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje.


Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. Pa ban m richès ni povrete. Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,


Bay nou pou jou sa a pen ke nou bezwen an,


Bannou chak jou pen nou pou jounen an.


e yo tout te manje menm manje lespri a.


Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou.


“Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite