Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 16:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Alò, Moïse te di: “Men Sa ke SENYÈ a te kòmande, ‘Kite yon omè ladann pami tout jenerasyon yo pou yo kapab wè pen ke Mwen te bannou nan dezè a, lè Mwen te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Moyiz di yo: — Men lòd Senyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen lamàn pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou sòti kite peyi Lejip la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 16:32
11 Referans Kwoze  

Sonje mèvèy ke Li te fè yo, mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.


Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”


Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl.


Moïse te di a Aaron: “Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, epi plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.”


Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’


Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, ak lyann lanmou. Konsa, Mwen te vini pou yo kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. Mwen te bese mete manje devan yo.


Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”


Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.


Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite