Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 16:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Moïse te di: “Manje li jodi a, paske jodi a se yon Saba a SENYÈ a. Jodi a nou p ap twouve li nan chan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Moyiz di yo: — Nou mèt manje rès la jòdi a, paske jòdi a se jou repo yo mete apa pou Senyè a. Jòdi a nou p'ap jwenn anyen deyò a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 16:25
5 Referans Kwoze  

Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.


Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”


Alò, yo te mete li akote jis rive nan maten, jan Moïse te kòmande a, e li pa t vin kanni, ni li pa t gen okenn vè ladann.


Sis jou nou va pran li, men nan setyèm jou a, jou Saba a, p ap genyen okenn.”


Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite