Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 16:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Moyiz reponn yo: — Men lòd Senyè a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Senyè a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rès la pou denmen.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 16:23
16 Referans Kwoze  

“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.


“‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.


Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.


Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.


Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,


Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil.


Moïse te di yo: “Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.”


‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an.


Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo.


Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.


Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo.


Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite