Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 16:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 16:2
10 Referans Kwoze  

Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.


Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”


men te plenyen nan tant yo. Yo pa t koute vwa SENYÈ a.


Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo. Yo pa t sonje lamou dous Ou, men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.


Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo. Yo pa t tann konsèy Li,


Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte?


Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo.


Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”


Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite