Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 16:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 — Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 16:12
17 Referans Kwoze  

Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.


Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.


Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:


“Pou yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”


“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e li va tounen san.


Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo.


Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Bondye pa yo avèk yo e ke yo menm, lakay Israël la, se pèp Mwen, deklare Senyè BONDYE a.


Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”


Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt.


Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?


Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite