Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”