Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 15:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, Yo tanmen tranble tèlman yo pè. Yon sèl lapèrèz trape moun Filisti yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 15:14
20 Referans Kwoze  

Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.


La, yo pèdi ekilib yo nèt. Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.


Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.


Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.


Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.


Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.


“Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon, lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo, jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.


Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.


Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès. Rido tant a Madian yo t ap tranble.


Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.


Konsa, li te voye yon mesaje vè Balaam, fis a Beor a nan Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen.


Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”


ke li te vin pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.


Lè nou vin tande sa, kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a.


Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a.


Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo,


Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan.


Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite