Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 14:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 A la vèy nan maten, SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Lè douvanjou rive, Senyè a rete nan dife a ak nan nyaj la, li voye je l sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 14:24
16 Referans Kwoze  

SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.


Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”


Yo te wè li, e yo te etone. Yo te sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.


Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba. Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.


Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,


Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.


Li gade tè a e tè a vin tranble. Li touche mòn yo e yo fè lafimen.


Ou di: ‘Kisa Bondye konnen? Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?


Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.


Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.


Paske mil ane devan zye Ou se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.


Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite