Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Se te yon jou lannwit. Senyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo sòti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Senyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:42
6 Referans Kwoze  

ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


“‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”


Pou sa nou va kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


“Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite