Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:24
6 Referans Kwoze  

“‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”


“Nou va osi obsève fèt Pen San Ledven an, paske nan jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.


Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.


Pou sa nou va kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.


Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo, peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite