Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:14
29 Referans Kwoze  

Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”


Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.


Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan, Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.


“Nou va osi obsève fèt Pen San Ledven an, paske nan jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.


“Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan.


SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;


Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.


Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.


Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”


Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”


Anplis, ou va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, yon sizyèm efa ak yon tyè mezi lwil pou mouye farin fen an, yon ofrann sereyal a SENYÈ a tout tan selon yon òdonans ki p ap janm fini oubyen chanje.


Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven.


Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.


Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.


Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a.


kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.


Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan.


Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”


Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”


“Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.


Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.


Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou.


Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’”


Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite