Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 11:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè minwit M ap prale nan mitan Égypte la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Moyiz di farawon an: — Men sa Senyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 11:4
12 Referans Kwoze  

Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.


“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou? Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?


Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.


“‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.


“Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’


Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ la a latèt yo.


Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri, paske Mwen va pase nan mitan nou”, di SENYÈ a.


SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.


Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”


Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.


Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la. Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite