Konsa Mwen va andisi kè Farawon e li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.
SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.
Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo.