Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Efezyen 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Se yon wont pou w menm ta pale de bagay moun sa yo ap fè an kachèt.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 5:12
12 Referans Kwoze  

Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.


Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.


Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”


Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.


Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”


Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.


Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.


“Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”


Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.


Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite