Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Andedan dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pa dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt chanm yo rele Kote ki pi Sen an.

Gade chapit la Kopi




Ebre 9:3
15 Referans Kwoze  

Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an.


Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo.


Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.


Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la.


Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.


Li te mezire longè li, ven koude ak lajè li, ven koude, devan chanm gran asanble a, e li te di mwen: “Sa a se lye ki pi sen an”.


Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.


Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.


Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan,


men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.


Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite