Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 9:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Menm jan an, li te flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Menm jan an tou, Moyiz te simen san sou Tant lan tou ak tout sa yo te konn sèvi ladan l pou fè adorasyon Bondye.

Gade chapit la Kopi




Ebre 9:21
12 Referans Kwoze  

Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la.


Ou va pran kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la.


Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la.


“Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.


“Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen.


Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.


Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.


Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite