Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la.

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:7
16 Referans Kwoze  

Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.


Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”


Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di:


Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.


Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.


“Prete zòrèy nou, O syèl yo; kite mwen pale. Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.


San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.


Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo.


Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite