Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, sila vrèman de fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram.

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:5
15 Referans Kwoze  

Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.


Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasant sis moun antou.


Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’


Anplis, mwen te dekouvri ke pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l.


Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.


“Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.


Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.”


“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.


Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.


paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite