Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:28
17 Referans Kwoze  

SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”


si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.


Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve.


Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.


Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.


Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.


Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo.


Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a.


Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.


Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.


Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li: “Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;


paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: “Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” Selon modèl a Melchisédek la.”


men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.


San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite