Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 6:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se sa k fè, ann grandi toujou pou n ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekonmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n mete l nan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1-2 Konsa, nan sa ki konsène Jezikris, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm, poze men sou tèt moun, rezireksyon moun ki mouri, ak jijman fin al. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou.

Gade chapit la Kopi




Ebre 6:1
50 Referans Kwoze  

Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.


“Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.


Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.


“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”


Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”


Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.


Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.


Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.


Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.


Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.


“Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”


“Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,


Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.


Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.


men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.


“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;


men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt.


Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase.


Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.


Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.


Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.


ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.


pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,


Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.


Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.


Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.


San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.


Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.


Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”


Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.


epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.


Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?


Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.


Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite