Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se sa k fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l yo tou, paske li menm tou li fèb.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Se rezon sa a ki fè li ofri sakrifis pou peche pa l menm jan li ofri sakrifis pou peche pèp la.

Gade chapit la Kopi




Ebre 5:3
10 Referans Kwoze  

“Epi li va touye kabrit ofrann peche ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a.


“Konsa, Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li.


Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.”


Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,


Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,


ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.


men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite