Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Nou gen anpil lòt koze pou nou di sou sijè sa a. Men nou gen difikilte pou nou ta di yo paske nou vin tèlman lou pou nou konprann.

Gade chapit la Kopi




Ebre 5:11
12 Referans Kwoze  

Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil.


Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”


Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’


Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”


Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;


“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.


Li t ap di L sa pou sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.


Paske kè a moun sa yo vin di. Zòrèy pa yo, yo manke tande. E yo fèmen zye yo; otreman pou yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen, pou Mwen ta geri yo.’


nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.


Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.


kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite