Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”, se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.

Gade chapit la Kopi




Ebre 3:13
13 Referans Kwoze  

Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.


La p manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”


Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”


Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen.


Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,


Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li,


Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.


Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.


Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.


Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman.


Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite