Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Paske, Abraram menm t'ap tann lavil ki gen bon fondasyon solid la. Se Bondye ki te fè plan lavil sa a, epi se li menm tou ki te bati li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Abraram t ap tann yon vil ki gen yon fondasyon reyèl. Li t ap tann vil Bondye te fè plan bati epi li te bati a.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:10
11 Referans Kwoze  

Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.


“Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.


Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.


Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri,


Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.


Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,


Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.


Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.


Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye.


Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite