Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 10:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.

Gade chapit la Kopi




Ebre 10:34
28 Referans Kwoze  

Yon tan pou chache e yon tan pou pèdi. Yon tan pou konsève, e yon tan pou jete.


Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”


men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


“Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tou lemonn, e vin pèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?


Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè.


Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou lespwa Israël la.”


Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.


Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.


Pou rezon sa a, mwen, Paul prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo,


Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,


pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.


Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.


Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,


Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.


Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;


Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.


A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.


Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.


Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.


Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.


Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.


Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo


pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou


Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite