Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 10:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche.

Gade chapit la Kopi




Ebre 10:11
21 Referans Kwoze  

“Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.


“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit.


Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktiyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktiyè a.


“Sòlda li yo va pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte abominasyon dezolasyon an.


“Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou.


Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba.


pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a.


Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”


Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a, e bese m ba devan Bondye anlè a? Èske mwen ta vini ak ofrann brile, ak ti bèf ki gen yon lane?


Nan menm jan sila a, nou va prezante li chak jou pandan sèt jou, manje a ofrann pa dife a, kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a. Li va prezante avèk ofrann bwason pa li an ki anplis ofrann brile k ap fèt tout tan an.


Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann.


anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.


Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.


Paske tout wo prèt ki pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo.


ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.


Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.


Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki ofri don yo selon Lalwa,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite