Detewonòm 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Se pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Gade chapit la1998 Haïtienne5 Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Senyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Senyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb. Gade chapit la |