Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 7:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Se pou nou disparèt tout pèp Senyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 7:16
21 Referans Kwoze  

Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,


Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.


Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”


Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’


“Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a.


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


nou pa pou dako avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li.


Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la.


Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.


Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.


alò, nou va koupe men li. Nou pa pou gen pitye pou li menm.


epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.


“Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an.


Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè.


Pou sa, Mwen te di anplis, ‘Mwen p ap pouse yo sòti devan nou, men yo va devni tankou zepin akote nou e dye pa yo va vin yon pèlen pou nou.’”


Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo.


Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite