7 ‘Nou pa pou gen lòt dye devan Mwen.
7 Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman.
“Ou pa pou gen lòt dye devan M.
Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
Ti moun yo, veye nou kont zidòl yo.
Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo,
“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.
Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.