Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 4:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Pou sa, veye nou, pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Senyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè okenn zidòl, okenn pòtre bagay Senyè a, Bondye nou an, te defann nou fè.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 4:23
26 Referans Kwoze  

“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.


Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.


Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!”


“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va, anplis, fè avèk ou jan ou te fè a, ou menm ki te meprize sèman an, e ki te kraze akò a.


Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.


Sonje akò Li a pou tout tan, Pawòl ke Li te kòmande a mil jenerasyon yo,


si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”


Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.


“Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’


Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.


Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”


Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”


Pou sa, veye tèt nou anpil pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an.


Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an.


alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.


Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.


Se va yon ponpon pou nou gade, e pou sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te kon fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou,


“Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè,


‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.


Akò ke m te fè avèk nou an, nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo.


“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.


SENYÈ a, Bondye nou an, te fè yon akò avèk nou nan Horeb.


Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.


Konsa, mwen te antre e vwala, tout fòm bagay ki trennen atè, bèt ak bagay abominab, ak tout zidòl lakay Israël yo te grave kon desen sou mi an toutotou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite