Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 33:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Sa se pou Juda: Li te di, “Tande O Israël vwa Juda, e mennen li vè pèp li. Avèk men li, li te lite pou kont li. Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men sa li di pou branch fanmi Jida a: Senyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Senyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 33:7
28 Referans Kwoze  

Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.


Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou.


Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”


Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”


Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame tankou lame Bondye a.


A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,


Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan sanktiyè a, epi bay ou soutyen soti nan Sion.


O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!


Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.


Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.


Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a. Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,


Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.


Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


“Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.


“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”


Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.


Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.


Sa se eritaj a tribi a fis Juda yo selon fanmi pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite