Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 3:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Senyè, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouray. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 3:24
25 Referans Kwoze  

Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.


(paske yo va tande afè gran non Ou, ak men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a,


Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo;


Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo, Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?


Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.


Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.


Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li!


Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a sila menm k ap vòlè yo?”


Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?


Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.


Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,


O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.


Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,


Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.


A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?


“Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.


Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!


Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”


Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!


Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a,


“Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di:


Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite