Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Riben lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki sòti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 3:12
10 Referans Kwoze  

soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan.


Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann.


“Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.


Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo.


Nou te pran peyi pa yo a pou bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo.


Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo.


soti nan Aroër ki vin touche vale Arnon an, jis rive nan Mòn Sion (sa vle di Hermon),


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite