Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 26:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 L aval jwenn prèt ki desèvis lè sa a, epi la di l: — Mwen deklare jòdi a, devan Senyè a, Bondye mwen an, mwen rekonèt mwen antre nan peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt nou yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 26:3
13 Referans Kwoze  

“Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”


Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.


ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.


“Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.


epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a,


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite