Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 26:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Lèfini, n'a parèt devan lotèl Senyè a, Bondye nou an, n'a di l: — Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m fè sou kèsyon sa a. Mwen pa bliye angen nan tou sa ou di m.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 26:13
19 Referans Kwoze  

Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.


Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.


Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.


Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti.


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.


Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;


Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.


Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.


Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,


“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.


Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.


Nou se temwen, e Bondye osi de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.


Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite