Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 26:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Senyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 26:11
19 Referans Kwoze  

Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”


Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a.


Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye.


Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li.


Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.


Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.


Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.


Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?


“Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou.


Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.


La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.


Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.


Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.


Akoz nou pa t sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou ta twouve tout bagay, avèk jwa ak kè kontan.


Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite