Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 26:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se sa ki fè kounyeya, Senyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Senyè a, Bondye nou an, la mete ajenou devan l.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 26:10
21 Referans Kwoze  

Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.


Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.


Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa.


Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.


Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.


Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.


Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.


Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,


Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.


Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.


Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.


Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo.


“Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.


ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.


“Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.


Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.


Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite