Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 23:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Paske lè nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pat ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l te sòti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 23:4
19 Referans Kwoze  

paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)


Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo.


paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon.


Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.


Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?


Advèsè a te lonje men l sou tout bagay presye fi a te genyen; li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a; sila ke Ou menm te kòmande pou yo pa antre nan asanble Ou a.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.


paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”


Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’


“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’


Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”


Konsa, Balak, fis Tsippor a, wa Moab la, te leve pou te goumen kont Israël, e li te voye rele Balaam, fis a Beor a, pou modi nou.


Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo.


Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.


Alò, se pou sa ke m ta dwe pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite