Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 23:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Nou pa pou lonje remèt yon esklav ki te kouri kite mèt li pou rive kote nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gendwa renmèt li bay mèt li.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 23:15
10 Referans Kwoze  

Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye, tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.


Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”


Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, yon kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, ni gwo bato p ap janm pase la.


Mwen va osi mache pami nou, Mwen va Bondye nou, e nou va pèp Mwen.


Pa kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo.


Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?


SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.


“Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.”


Li va viv avèk nou nan mitan nou, nan yon kote li chwazi pami youn nan vil pa nou yo ki fè l plezi. Nou pa pou maltrete li.


Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite