Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 21:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Si nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa,

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 21:1
10 Referans Kwoze  

Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.


Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.


Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.


Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.


Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


Jis pou san inosan pa vèse nan mitan teritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou koupabilite san an pa vin rete sou nou.


Sèlman bwa ke nou konnen ki pa bay fwi yo, nou va detwi yo e koupe yo, pou nou kapab konstwi syèj yo kont vil ki kont nou an, jiskaske l fin tonbe.


alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a.


“Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite