Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 20:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Eske gen yon moun isit la ki fyanse pou l marye? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fyanse l la.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 20:7
7 Referans Kwoze  

“Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.


“Nou va fiyanse yon madanm, men yon lòt mesye va vyole li. Nou va bati yon kay, men nou p ap viv ladann. Nou va plante yon chan rezen, men nou p ap sèvi nan fwi li.


Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.


Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an.


Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite