Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”
Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
“Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.