Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Pa chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezayi yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 2:5
13 Referans Kwoze  

Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir. Ésaü se menm avèk Édom.


Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.


“Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.


“Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li.


Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.


Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk a va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”


“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;


Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.


jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a.


Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’”


Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo.


A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite