Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 2:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nou fè kont moute desann nou nan mòn yo. Kounyeya, pran direksyon nò pou nou.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 2:3
6 Referans Kwoze  

Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.


“SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan.


“Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.


“Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di:


Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon.


“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite