Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 2:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 jouk nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezayi yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Mowab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n pase nan peyi yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 2:29
15 Referans Kwoze  

Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.


Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


“Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’


Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou.


Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


“Alò, SENYÈ a te fache avè m akoz de nou, e Li te sèmante pou mwen pa t travèse Jourdain an; epi pou Mwen pa ta antre nan bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj nou an.


Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”


‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.


“Pou sa, byen konnen ke se pa akoz ladwati nou ke SENYÈ a ap bannou bon peyi sa a pou posede, paske nou se yon pèp tèt di.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite