Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, nou tounen tounen nou nan dezè a, nou pran chemen Lanmè Wouj la pou nou, jan Senyè a te pase nou lòd la. Nou pase yon pakèt tan ap mache moute desann nan mòn peyi Seyi yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 2:1
7 Referans Kwoze  

Alò, moun Amalec avèk Canaran yo ap viv nan vale yo. Vire demen pou pati pou dezè a pa chemen Lamè Wouj la.


Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la.


Se te yon vwayaj onz jou soti nan Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa.


Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’


ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a;


“Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di:


Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite