Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 19:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Konsa, si de moun al pou koupe bwa, si yonn ladan yo leve rach li epi rach la demanche al frape lòt la touye li frèt, yon nonm konsa gendwa kouri al kache nan yonn nan lavil refij yo pou li sove lavi li.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 19:5
7 Referans Kwoze  

Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.


Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.


Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.


“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——


Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.


Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite